STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT

Transcription

STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT
TI JOUNAL
STAR O+
t
STAR O+ No-0001
VENDREDI 25 AVRIL 2014
CARIMI TRANBLE ZENITH, YON GWO PA
POU KONPA
.
CArlo
RIchard
MIchael
Si nou ta di n’ap pran premye silab
nan chak non sa yo
l’ap bay
egzakteman CARIMI younn nan pi
gwo gwoup konpa ayisyen apre
Tabou Combo, Septentrional, T-Vice
ak anpil lot anko ki toujou leve drapo
ble e wouj la tout kote yo pase nan
mond lan.
Apre soti album Invasion, ki te vann a
plis pase 700 000 CD, ki gen kèk
mizik kap mache timidman an Ayiti,
12 Avril ki sot pase, nan lakou Zenith
nan vil Paris nan peyi Lafrans anpil
moun te reyini pou asiste a gwo
kokennchenn konsè sa ke CARIMI tap
ofri a kek envite tankou : Izolan ,
MikaBen Admiral T, Phany J .
Malgre tout pwoblem sosyal , politik
ak ekonomik ke Ayiti ap fe fas nan
denye tan sa yo, yon lot fwa, atis nou
yo akoz Drapo Ble e
Wouj la tap flote byen wo nan tè Francois Hollande lan. CARIMI montre yon lot
fwa anko ke yo gen plas yo nan Biznis Mizik Ayisyen an e yo pa janm rate yon
okazyon pou voye monte kilti lakay.
Kevin Auguste
Pensée de la semaine
C’est souvent dans nos
propres erreurs qu’on puise
nos meilleures leçons de vie.
DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT
Travailler pour l'Industrie De la Musique Haïtienne
WWW.DYNASTYHAITI.COM
STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM
Editorial
WÒL ENTÈNÈT NAN BIZNIS MIZIKAL
AYISYEN AN
Anpil moun ka konstate ke mizik nan Peyi Ayiti depi
kèk lane komanse gen yon lòt vizaj. Lontan atis la konnen
pou l fè kob pat gen lot chwa ke fè yon album oubyen fè
oubyen patisipe nan yon pwogram. Men sa fè kèk lane ,
atis nou yo komanse pran trè serye zouti yo rele entènet
la. Li te difisil anpil pou w te jwenn yon atis siw pat gen
numewol oubyen wè l fas a fas nan 10 lane ki sot pase yo. Men koulye a gras a rezo sosyal yo ki
sou entènet koneksyon an fèt fasil ant pwomotè ak atis yo. Li trè fasil pou w konnen tout
nouvèl sou mizik nan peyi Dayiti sèlman nan yon klik tout enfomasyon gentan rive jwenn ou.
Men eske moun ki nan Biznis Mizik nan peyi Dayiti itilize entenèt la nan tout sans li?
Konbyen atis ki rive fè kòb ak mizik li sou entenèt ? eske gwoup nou yo reprezante vreman sou
entènet ? antouka nou lwen toujou nan bato teknolojik la.
Si nou ta rive fè konfyans ak zouti yo rele entènet la, nou tap we konbyen enpòtan e ki
kote nou tap gentan ye sou balans entènasyonal la. Eske entènet la ka rezoud pwoblèm
estriktiral ki gen nan Biznis Mizik nan peyi Dayiti? Eske yon jou nou ka gen anpil moun ki rive
milyonè gras a mizik yo ke yo rive vann sou entènet? Wi nou ka rive chanje bagay yo ak zouti
sa yo rele entènet la men pou sa fèt fòk gen plis moun ki kalifye nan biznis mizik la, fok gen
plis koneksyon ant pwodiktè yo ak moun kap konsome mizik pa nou an epi fòk nou rive mete
plis estrikti nan fason nap rive vann sa nou gen kòm pwodwi nan endistri Mizikal Ayisyen an.
JM Wilson Herchris
ALAN CAVE SORT SON DERNIER ALBUM « TIMELESS »
Timeless c’est le titre tant
attendu du dernier album
de Georges Alan Cave plus
connu sous le nom « Alan
Cave » qui est disponible
depuis le Samedi 19 Avril
2014 dans les disquaires et
en ligne. L’album Timeless
est imprimé sur deux CD
Volume 1 et Volume 2 sous
la production de AC
Records, Son propre label.
Le premier test-pressing a
été diffusé au mi 2013
intitulé Grave Sou kèm. A
la fin de l’année 2013, il a
diffusé son deuxième testpressing titré Néné
le dernier projet en date du
chouchou du compas love.
Alan Cavé un bon et vrai
scénariste et producteur
depuis d’une décennie. Il a
fait une grande impression
sur la scène de la musique
Caribéenne, on le
Reconnait comme l’un des
musiciens les plus créatifs et
les plus influents de sa
génération.
Alan Cavé a enregistré
plusieurs album avec le
groupe ZIN dont
2
STAR O+ No-0001
« O Pa en 1988 » et « Kanpe
Sou Yon lòt Bit en 1999 » il a
participé sur les albums des
grands ténors du Zouk entre
eux 1999 et 2000
En solo il a enregistré comme
album :
 Se pa pou dat (2001)
 Collabo (2005)
 De la tête aux pieds
(2007)
Kevin Auguste
STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM
KREYOL LA AN MOUVMAN…, SAN ANSYTO YO AK ALEXIS VLADIMIR
Nan sousi pou enfomasyon an pat pase pou pwason davril, 2 Avril ki sot pase a, Hantz Fred Mercier (Ti-Ansyto) ak Vladimir
Alexis te deside bay demisyon yo nan gwoup la. Aprè 9 ane siksè, Ansyto Mercier pap ka kontinye akòz ti pwoblèm sante. 15
Avril ki sot pase a, nan yon lèt tou ouvri bay « La Presse », manadjè Kreyòl La, Jeff Jean Pierre, te fè konnen kote gwoup la,
aprè patisipasyon li nan Jounen Mondyal Jèn yo kite fèt nan lokal « Saint-Louis » di ke gwoup la ap kontinye onore kontra li
yo. Li kontinye tou poul di , ke yo fek entegre 2 nouvo mizisyen nan djaz la. Magloire Wilkenson (Joe) ki se ansye batè RAM
ki ranplase Vladimir Alexis, Fenelon Dady Jr (Bouzi) ansyen mizisyen FASIL ki ranplas Ti-Ansyto.
Pòtoprens,
Madi, 15 avril 2014
Nòt Laprès pou Kreyòl La
Kreyòl La ap salye laprès domestik ak entènasyonal. An repons a deklarasyon ansyen
maestwo a, Hantz Fred Mercier, Ti Ansyto nan No 1072 Ticket Magazine ki te soti nan
dat 12 avril 2014, kote li te di li pap retounen nan Kreyòl La, djaz la deside pou li
kontinye avanse, paske li pa ka abandone sipòtè fidèl li yo.
Kreyòl La pran opòtinite sa a pou li fè piblik la konnen li ajoute de nouvo mizisyen nan
djaz la: Magloire Wilkenson yo rele Joe, ki se ansyen batè gwoup Ram, li pral ranplase
Vladimir Alexis; ak Fenelon Dady Jr. oswa Bouzi, yon ansyen mizisyen Fasil ki pral
ranplase Hantz Fred Mercier (Ti Ansyto).
Kreyòl la ap pwofite pou li anonse medya yo, apre repriz aktivite li yo nan St Louis de
Gonzague Samdi 12 avril 2014 la, gwoup la ap kontinye onore kontra li yo an Ayiti ak
aletranje, pou li bay melomann yo plezi ak fanatik li yo satisfaksyon.
Kòdyalman
Jeff Jean Pierre
Manadjè
3
STAR O+ No-0001
STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM
M PAP FÈ BACK ANKO |TOPPY-X
M pap fe back ankò , Pa yon X, men yon nouvo projet de Toppy-X.
Kom sa te anonse li te 10 h, ekip www.dynastyhaiti.com lan te deja pran lari
pou al kouvri vant siyati « M Pap Fe back Ankò »ki se tit Album Toppy-X la
nan lakou Pak Midore nan Delma 33. Apre Anpil Mannèv , enstalasyon
enstriman yo, dekorasyon, plas pou yo vann CD ak plas pou atis la te siyen
CD yo, Li te deja Midi lè atis la te parèt pou siye premye cd li yo Devan yon
piblik ki pat twò rich nan kantite. Piti piti moun ap debake pou achte
premye album Toppy x ,atis ki deklare li se “Tèt Mouchwa nwa” . Nap Siyale
, nou te remake prezans anpil atis tankou Madmax, Atis Jonas ki nan Tapaje
Group ak anpil lot atis ki nan underground mouvman rap la. Te gen anpil
animatè ki te la pou sipote atis la. Nap raple piblik ki te prezan an te yon
piblk a 90% rap ki te konpoze de mouchwa nwa ak mouchwa ble epi on ti
ponyen mouchwa wouj. Kontrèman ak sa anpil moun tap atann, Izolan ke
Toppy-X te onore nan Vant siyati denye album li a pat prezante. Selman nou
te konstate prezans Gabrielle Dorsonne ak mayo Terapi sou li ki te vin bay
soutyen ak Toppy-X nan achte album li a. Nap fe konnen ke nou te remake
prezans rapè rockfam nan Atròs ak Manadjè Rockfam nan ki te reprezante
Rockfam. Apre preske 5 èd tan ap siye cd, atis la te rantre pou preparel
pou Program ki te nan aswè. Malerezman aprè anpil monte desannn, lapli ki
te vini san envitasyon , okenn gwoup pat rive jwe , sinon 701 group ki te fè
yon kout prestasyon e ki te bay yon cho moto. Nap fè konnen ke selon atis
la, preske 2000 cd te rive vann swa 1997 cd. Atis la trè satisfè selon li menm
e apresye love fanatik li yo te ba li.
JM Wilson Herchris
SKANDAL DANS UNE SOIRÉE T-VICE/CARIMI le 19 avril dernier
1500 personnes pour la plupart d’origine haïtienne ont été expulsées de l’Olympia de Montréal, où se tenait un
bal animé par le duo T-vice-Carimi qui a dégénéré en bagarre. La police est intervenue et a mis fin à la soirée
dans un climat de tension extrême.
Selon les premiers témoignages, tout a commencé vers 2h45 dans la nuit de dimanche à lundi lors d’une soirée
dansante qui a mal tourné.
Le public venait d’assister à la fin de la prestation de T-vice quand une dispute a éclaté entre des groupes rivaux
qui n’ont pas été clairement identifiés.
Ainsi, la tension est montée et a atteint son paroxysme et a abouti à une bataille rangée généralisée qui n’a fait
aucune victime mais les dégâts sont considérables.
Toutes les personnes présentes ont alors été expulsées de la salle.
Une fois à l’extérieur, deux personnes ont été arrêtées pour avoir commis des méfaits à l’endroit de policiers et
sur des voitures de police.
Sept autres ont été interpellées pour des contraventions aux règlements municipaux et au code de la sécurité
routière.
Les personnes qui ont été placées en détention préventive sont accusées d’incitation à la violence, de dommage
au patrimoine public et la plupart d’entre eux sont bien connues des services policiers.
Cette soirée dansante qui a mal tourné n’est que la goutte d’eau qui a fait déborder le vase car, ce phénomène ne
date pas d’hier mais la situation ne semble guère s’améliorer au fil des années et ces agressions gratuites
pourraient avoir des conséquences fâcheuses sur la musique dansante urbaine haïtienne qui peine aujourd’hui
encore à percer dans le milieu québécois.
Guilloteau François, Montréal. hpn
4
STAR O+ No-0001
STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM
SAKAPFÈT AYITI?
BC - NOU PAP KAPAB ALBUM - JOU PAM ALBUM – RECTO
VESO
FredHype ak Izolan anonse
semen ki sot pase a, ke
Barikad Crew gen yon
nouvo Track ki pral soti kap
rele “Nou Pap Kapab”.
Fanatik yo mèt rete tann
nan jou kap vini yo .
Dimanche kap 27 Avril la,
Sou Plas Boyer (PetionVille) se ap vant siyati
2eme « albòm Team Limyè
Wouj » la kap gen kom
envite MRJ, QueenBe,
Matchete, Mirla,… Pri a se
200goud
(CD,
Poster,
Mayo, Bracelet).
Map Rape Yo, yon mizik ki
soti pou anonse denye
albòm BIC Tizon Dife kap
gen pou tit Recto-Veso
deklare BIC nan emisyon
“Plateforme Magik” sou
Magik9.
TI JOUNAL – STAR
O+
Ti Jounal STAR O+ sa a, se
yon ti jounal kap soti chak
Vandredi sou sit entènèt
dynastyhaiti.com
Wap kapab li tout jounal la
sou sit la, epi wap kapab
#Desann li sou òdinatè ou
san kè sote.
CONSEIL DE LA SEMAINE | TI KONSEY SEMEN NAN
LE MONDE DE DEMAIN SERA-T-IL MEILLEUR ?
Un orchestre devait donner un grand concert dans une ville. La
veille du concert l’un des trombonistes se dit : « Au fond, si je n’y vais
pas et si je me fais remplacer par mon concierge tout ira bien que si j’y
jouais ma partition ; puisqu’on est trois, un tromboniste de plus ou de
moins, ça ne changera pas grand-chose ».
Notre musicien prête donc son uniforme et son trombone à
son concierge lui demandant d’occuper sa place le lendemain à côte
des deux autres trombonistes ; il lui explique qu’il doit attendre que
l’orchestre commence à jouer, puis lorsqu’arriveras le tour du trio des
trombonistes, qu’il se lève comme les deux autres, qu’il embouche son
trombone, mais qu’il n’y souffle pas.
Le lendemain, le brave concierge occupe la réservée au
tromboniste absent, et il attend impatiemment le moment où il doit
tenir son rôle.
L’orchestre commence à jouer, l’auditoire est captivé et
bientôt arrive le trio des trombonistes. Tous les trois se lèvent,
embouchent leur trombone, mais rien ne sort. Pourquoi ? Parce que
tous les trois étaient des concierges. On demande toujours pourquoi
ça ne va pas, sans jamais examiner si nous-même à jouer son rôle.
5
STAR O+ No-0001
STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM
Follow us Dynasty Haiti Entertainment to BBMChannel
6
STAR O+ No-0001

Documents pareils

STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT

STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT HERARD. Li fè etid primè ak segondè l’ nan St-Louis de Gonzague. Aprè sa a, li rantre nan Faculté de medecine de l’Université d’Etat d’Haïti kote li pase sèlman yon lane. Fè medsin pat janm entansy...

Plus en détail

STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT

STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT plan pwomosyonèl nou yo. Manke medya kap vann vrèman sa nou kilti nou an. E souvan gwoup nou yo pa depanse ase pou pwomosyon yo sa vin koz , menm si pwodwi a bon men li pran anpil tan avan konsomat...

Plus en détail