Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè Commission

Transcription

Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè Commission
Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè
Commission Episcopale Nationale Justice et Paix
Secrétariat national - BP 1572
Port-au-Prince Haïti 6110
Tel / Fax 222 78 99
www.forumcitoyen.org.ht/jilap
Solidarite ak moun nan detansyon pou fèt Nwèl 2009
Deklarasyon Komisyon Jistis ak Lapè :
Nwèl se Lape, Kè kontan ak Kè poze.
Eske se sa l ap ye tou pou moun ki nan detansyon pwolonje ?
Nan kèk jou, tout moun nan peyi a ap fete fèt Nwèl. Se yon fèt Lapè ak Kè poze. Menm si sa pa bon,
tout moun ap fè sa l kapab pou l fete kanmenm.
Pou nou menm kretyen ki kwe nan Jezikri, Sovè tè a, fèt Nwèl se yon evènman espesyal. Nou kwè tout
bon nan Jezi, nèg Nazarèt la, Pawòl ak Sajès Bondye a te anbrase kondisyon moun nou. Sa vle di,
Bondye li menm te vin viv diyite n genyen kòm moun anndan listwa n sou tè a. Diyite nou genyen kòm
moun, se nou tout ki genyen l, depi Bondye kreye n pou n pòtre ak li. Fèt Nwèl la mete diyite sa a devan
je n. Pawòl ak Sajès Bondye a tounen moun nan mitan n, epi, li te renmen n jous nan bout pandan tout
vi l ak lè l leve byen vivan.
Jodi a, katriyèm dimanch tan Lavan, kèk jou anvan kokennchenn fèt sa a, nou sonje frè ak sè n yo ki nan
prizon ak nan detansyon. Genyen plis pase 8.500 moun nan tout peyi a nan sitiyasyon sa a. Nou konn
pwoblem y ap viv yo : kondisyon lavi yo pa bon, y ap viv pil sou pil, yo pa janm pou kont yo. Anpil nan
yo malad, gen sa k mouri pandan lane ki sòt pase a. Plis pase 80 % nan yo pa janm jije. Sa vle di : yo
toujou ap tann pou yo fin fè anket sou yo, pou yo kapab jije yo, epi pou yo libere yo oswa pou yo
kondane yo, konsa y ap konnen konbyen tan y apral viv anndan prizon an toujou.
Nan kèk jou, tout moun ap pran vakans. Tout moun ap swete fanmi yo lapè ak kè kontan. Tout
moun ki gen otorite ou ki gen pou wè nan kesyon lajistis nan peyi a ap pran vakans, tankou majistra yo,
jij yo ak avoka yo jouk apre Nouvèlan ak fèt Lewa. Men, nan detansyon ak prizon, pa gen
vakans. Moun ap rete la, ap tann ki lè y ap rele yo, ki lè dosye yo ap vanse, ki lè y ap kondane yo, ki lè
y ap konnen pou konbyen tan yo toujou la.
Nan katriyèm dimanch tan Lavan, kèk jou anvan n ap fete fèt Nwèl la, nou vle pou tout sitwayen ak
sitwayèn nan peyi a, pran konsyans ki sitiyasyon malouk moun ki nan detansyon ap viv, gason kou fanm,
granmoun ak timoun.
Nou mande ak ensistans pou otorite yo pran lalwa peyi a oserye. Yo dwe montre bon jan volonte politik
nan mete sou pye, san pèdi tan, refòm sistèm Lajistis la.
Nou mande ak ensistans pou yo bay majistra ak jij enstriksyon yo tout mwayen ki nesesè, epi se pou yo
menm respekte tan lalwa bay yo pou reyalize bon ankèt, ki prepare bon jijman, pou tout moun kab
jwenn jistis : viktim nan, sa k koupab la ak tout sosyete a. Se sèl fason pou sosyete a reprann konfyans
nan sistèm jidisyè a ki malad.
Nou mande ak ensistans pou avoka yo aji anvè kliyan yo ak onètete epi pou yo pran defans tout moun
ki bezwen asistans yo oserye. Avoka yo pa dwe vòlò konfyans moun yo mete nan yo lè yo te angaje yo
pou defann kòz yo. Nou mande yo pou yo ede nan pran defans pòv ak malere yo sou yo kòm sa dwa,
paske chak moun gen dwa pou jwenn yon avoka lè l dwe parèt devan pakè a oswa devan yon jij. Se pi
gwo onè pou yon avoka lè l sonje sèman li te fè pou l pran defans sa k pa gen defansè : vèv yo, timoun ki
san manman san papa, ak moun pòv e malere an jeneral.
Anpil òganizasyon nasyonal ak entènasyonal ap plede bay asistans jiridik pou moun ki nan detansyon.
Nou mande yo ak ensistans pou yo pa sèvi ak pwoblèm moun genyen pou gaye kòb nan peyi a, san l pa
reyalize sa l dwe reyalize a, san l pa itil sa k nan pwoblèm vre. Kominote entènasyonal la dwe pi
transparan anpil nan sa l ap mennen. N ap tann pou yo di aklè ki sa yo fè, ki sa yo eseye fè, epi ki rezilta
yo te jwenn, oswa ki sa k lakòz si se yon ti rezilta sèlman yo te jwenn.
Pou fini, nou di tout moun ki nan prizon paske yo te kondane yo nan yon jijman : kouraj, sonje pi fò nan
nou gen pou libere yon jou. Prepare n pou jou sa a kapab yon nouvo komansman, kote n ap travay pou
sa ki bay moun kè poze olye n ap gaye lenjistis.
Nou menm ki nan detansyon epi k ap tann yo rele n, pou fè ankèt oswa pou fè jijman :; kouraj, pa pèdi
espwa. Fanmi nouo yo sonje n, epi, gen lòt moun deyò toujou ki sonje n epi k ap leve vwa yo pou mande
yo trete n selon sa k kòrèk.
Nou salye tou, nou menm ki ajann penitansye, ki gen kòm travay pou n la ak moun ki nan detansyon.
Sonje se menm moun nou ye ak diyite Bondye te ba nou. Travay nou enpòtan. Nou merite rekonesans
sosyete a, lè n fè travay nou ak devouman epi onètete.
An nou tout travay pou kab genyen yon sitiyasyon kote tout moun jwi sekirite jidisyè ak piblik. Se pou
Lapè ak Kè kontan fèt Nwèl la anvayi kè nou. Se Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè ki ekri nou.
Déclaration de la Commission Justice et Paix :
Noël c’est la paix et la joie
Que sera-t-il pour ceux et celles qui se trouvent en détention prolongée ?
Tout le monde s’apprête pour célébrer la fête de Noël dans quelques jours. Noël c’est la fête de la Paix sociale et la
Paix intérieure. Même en temps de crise, tous veulent fêter.
Pour les chrétiens et chrétiennes qui partagent la foi en Jésus Christ Sauveur du monde, Noël est une fête particulière.
La foi nous assure qu’en Jésus de Nazareth, la Parole et Sagesse de Dieu a embrassé notre condition humaine. Dieu
lui-même a vécu notre dignité humaine dans notre propre histoire. Nous tous/toutes, nous partageons cette dignité
humaine, parce Dieu nous a créé à son image. La Parole et Sagesse de Dieu est devenu une personne humaine et
nous a aimé durant toute sa vie, jusque dans sa mort et résurrection.
Aujourd’hui, quatrième dimanche du temps de l’Avant, nos pensées vont vers nos frères et sœurs qui vivent en
détention : pour tout le pays, ils sont plus de 8.500 personnes. Nous sommes conscients de leurs problèmes : leur
condition de vie est inhumaine ; ils/elles vivent entassés, sans intimité. Plusieurs sont malades; plusieurs sont décédés
au cours de l’année et personne n’en parle. Plus de 80 % sont en attente d’être appelés ou d’une ordonnance qui
annonce la fin de l’enquête et/ou le jugement qui doit les libérer ou condamner : alors ils sauront au moins pour combien
de temps ils seront encore en prison.
Encore quelques jours nous séparent des vacances de Noël. Tout le monde souhaitera ses amis et familles : la Paix et
bonne Fête. Les autorités du système judiciaire prendront sans doute quelques jours de vacances, comme les
magistrats, juges et avocats qui seront absents jusqu’après le Nouvel An ou la fête des Rois. Mais, en détention, il n’y
aura pas de vacances. L’attente continue : quand sera-t-on appelé, comment le dossier avance-t-il, quand sera-t-on
jugé, quand saura-t-on pour combien de temps on restera en prison toujours ?
En ce quatrième dimanche du temps de l’Avant, nous souhaiterions que chaque citoyen et citoyenne dans le pays
prenne conscience de cette réalité infernale vécue par les détenus, hommes et femmes, adultes et mineurs.
Quelques jours avant cette belle fête de Noël, nous demandons avec insistance aux autorités de manifester leur volonté
politique pour réaliser la reforme judiciaire dont le pays a tant besoin, sans attendre ou perdre plus de temps.
Nous demandons avec insistance qu'on donne aux juges d’instruction les moyens nécessaires, et que eux-mêmes
respectent le temps imparti par la loi pour réaliser des enquêtes judiciaires qui permettent des jugements corrects, pour
que chaque personne obtienne justice : les victimes, les coupables et la société toute entière. C’est le seul chemin pour
que la société reprenne confiance dans le système judiciaire qui est tellement affaibli.
Nous demandons avec insistance aux avocats de défendre correctement leurs clients et tous ceux et celles qui ont
besoin de l’aide juridique. Les avocats ne devraient pas violer la confiance de ceux et celles qui font appel à eux pour
défendre leur cause et qui comptent sur eux. Nous leur demandons de porter leur concours et de défendre les pauvres
correctement, parce que chaque personne a le droit à l’assistance juridique devant le parquet ou devant son juge. C’est
le plus grand honneur pour un avocat de se souvenir du serment qu’il a prêté de défendre le pauvre, la veuve et
l’orphelin qui fait appel à lui.
Beaucoup d’organisations nationales et internationales prétendent prêter assistance juridique aux détenus. Nous leur
demandons avec insistance de ne pas se servir des problèmes des autres pour dépenser de l’argent qui ne servirait pas
aux destinataires. La communauté internationale doit être plus transparente sur ce qu’elle entreprend. Nous espérons
des rapports clairs sur ce qu’elle réalise, ce qu’elle essaie de faire, ses réussites, ses échecs et les causes.
Pour terminer, nous nous adressons aux prisonniers condamnés suite à un jugement : prend courage ; la plupart d’entre
nous seront libres un jour. Préparez vous pour que ce jour puisse être un nouveau début où vous travaillez pour ce qui
porte la Paix au lieu de l’injustice.
Vous qui êtes en détention préventive prolongée et qui êtes en attente d’être appelés ou jugés, ne perdez pas l’espoir.
Vos familles se souviennent de vous. De nombreuses personnes hors de la détention se préoccupent de votre sort et
exigent un traitement correct et humain pour vous.
Pour finir, vous qui êtes des agents pénitenciers qui fréquentez les détenus et prisonniers quotidiennement, soyez
conscients que nous tous, nous sommes des personnes que portent en nous la dignité humaine, nous donnée par Dieu
lui-même. Votre travail est important pour la société, et vous méritiez sa reconnaissance si vous accomplissez votre
devoir avec dévouement et honnêteté.
Nous tous, nous pouvons travailler pour mettre en œuvre une politique réelle de sécurité juridique et publique
respectueuse de la dignité humaine, et garante de la paix dans la communauté.
Que la Paix et la Joie de Noël envahissent vos cœurs. La Commission Nationale Justice et Paix vous envoie ce
message.
P. Jan Hanssens, dir
20 décembre 2009
Quatrième dimanche du temps de l’Avant
2009-0913-fr-am-HS

Documents pareils