Etude 1 - OSS Ministry

Transcription

Etude 1 - OSS Ministry
Etude 1 - OSS Ministry
Ke lapè Bondye avèk nou tout!
Nou pwal pase yon tan jodi a pou nou gade aklè ki enpòtans Labib genyen nan lavi yon
kwayan. Labib se Pawòl Bondye, se ladan-l pou tout moun jwenn revelasyon Bondye. Se
Sentespri limenm ki enspire moun ki ekri liv ki fòme Labib la. Gen soisant sis liv nan Labib, 39
nan Ansyen Testaman epi 27 nan Nouvo Testaman. Soti de liv Jenèz pou rive nan liv
Apokalips, Labib se Pawòl Bondye san yon grenn fot, san yon sèl erè, san okenn dout.
Kretyen ki resevwa gras Bondye tout bon vre, moun ki sove, moun ki ne de nouvo, moun ke
Lesprisen ap sanktifye, ke Lesprisen ap transfòme chak jou davantaj, moun ki gen yon sèl dezi,
dezi pou fè Bondye plezi, moun konsa yo, se moun ki pran Pawòl Bondye oserye, yo ba-l anpil
valè nan lavi-yo.
Ou menm k-ap tande koulyè-a,
Ki atitid ou genyen anvè Pawòl Bondye, èske ou respekte sa-l di?
Ki enterè ou genyen nan Pawòl Bondye, èske ou chache konnen sa-l di?
1 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
Ki amou ou genyen pou Pawòl Bondye, èske ou pase lajounen kou lannwit ap panse ap medite
sou sa-l di?
Ki otorite ou bay Pawòl Bondye nan lavi-w, èske ou koube tèt devan sa-l di?
Nou di ke se Pawòl Bondye ki sèl espwa limanite, se li ki sèl espwa pèp Ayisyen, pèp Meriken,
pèp Dominiken, pèp Jwif e latriye. Ti moun, gran moun, jenn jan, jenn fi, moun nwa, grimo,
chinwa, blanmannan, panyòl, sa-k rich, sa-k pòv, sa-k ansante, sa-k malad ak kansè, ak sida...
nou tout, se Pawòl Bondye ki sèl espwa nou, paske se li ki kapab lonje dwèt montre nou
direksyon wout pou nou rankontre ak sèl Sovè ki genyen sou latè-a: Senyè Jezi Kri.
Labib se Pawòl Bondye ki ekri-a, Senyè Jezi Limenm se Pawòl Bondye ki vivan an.
Jean 1:1-4 Au commencement était la Parole, et la Parole était avec Dieu, et la Parole était
Dieu. 2
Elle était au commencement avec Dieu. 3 Toutes choses ont été faites par
elle, et rien de ce qui a été fait n’a été fait sans elle. 4
En elle était la vie, et la vie était la lumière des hommes.
2 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
Men Kreyòl la: O kòmansman, Pawòl la te la, e Pawòl la te...
Hébreux 1:1-3 Après avoir autrefois, à plusieurs reprises et de plusieurs manières, parlé à nos
pères par les prophètes, Dieu, 2
dans ces derniers temps, nous a parlé par le
Fils, qu’il a établi héritier de toutes choses, par lequel il a aussi créé le monde, 3
et qui, étant le reflet de sa gloire et l’empreinte de sa personne, et soutenant toutes choses par
sa parole puissante, a fait la purification des péchés et s’est assis à la droite de la majesté
divine dans les lieux très hauts,
Men sa kreyòl la di:
2Timote 3:16-17 Toute Ecriture est inspirée de Dieu, et utile pour enseigner, pour convaincre,
pour corriger, pour instruire dans la justice, afin que l’homme de Dieu soit accompli et propre à
toute bonne œuvre.
Men kreyòl la limenm:
3 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
Gen de tradisyon nou genyen lakay ki nan tèt kole ak sipèstisyon payen idolat. Gen de moun ki
louvri yon gwo Bib nan salon lakay yo oswa nan chanm yo. Yo kite-l ouvri nan paj Sòm 91.
Swadizan ke sa bay kay la pwoteksyon. Yo pa janm li yon mo nan sa Labib di. Yo pa enterese
chache konn Bondye nan Pawòl Li, sa sèlman ki enterese yo se itilize pisans Bondye bay pou
regle zafè pa yo. Gen de moun ki rache paj Labib, Sòm 23 oswa lòt pasaj, yo bouyi-l pou fè te
pou yo bwè pou gerizon. Yo di ke gen moun ki frape Labib sou tèt timoun dezòd pou fè yo
konvèti oswa sou tèt moun fou pou fè tèt yo vinn dwat. Anfen, nou menm Ayisyen, nou se yon
pèp payen, yon pèp idolat, yon pèp ki pèdi nan fè nwa. Non, se pa nou menm sèl ki nan
sitiyasyon sa a, paske tout lòt pèp yo tou se pèp payen, idolat. Bondye te revele kilès Li ye a
yon sèl pèp: se pèp Izrayèl la. Bonte Li, amou L, gras ak mizerikòd Li lakòz Li voye pròp Pitit
Gason L mouri sou latè pou bay tout limanite mwayen pou yo jwenn sali nanm yo atravè Pitit
Gason an. Se Li menm ki Pawòl vivan. Bondye pa fè ni youn ni de, Li bay limanite yon lòt sous
pou yo jwenn enfòmasyon sou Li, Li ba yo Labib ki limenm se Pawòl ekrit la.
Se Pawòl Bondye sèl ki gen fòs, se li sèl ki gen pouvwa pou chanje andedan nou. Non, se pa
sou deyò ke nou bezwen chanje, se andedan kè nou ki bezwen chanje, se jan nou panse ki
bezwen chanje, se pawòl nou pale ki bezwen chanje, se zak malonèt n-ap fè yo ki bezwen
chanje, se rayisman k-ap boujonnnen nan kè nou ki bezwen chanje, se vye imoralite ki kache
an sekrè lakay nou ki bezwen chanje, se vye zidòl n-ap sèvi yo ki bezwen chanje, se manti n-ap
bay yo ki bezwen chanje, se volè n-ap volè yo ki bezwen chanje, se zak kriminèl nou yo ki
bezwen chanje!
Pawòl Bondye se sèl medikaman pou maladi sa-yo.
Se li pou-nou li-l, se tande pou-nou tande-l, se kwè pou-nou kwè-l, se obeyi pou-nou obeyi-l.
Sètalò ke chanjman a va fèt lakay nou.
4 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
An nou gade ki sa Labib fè pou nou:
- Labib rele-nou vinn jwenn Bondye (2 Thes 2:14)
13 Mais nous, nous devons toujours rendre grâces à Dieu pour vous, frères aimés du Seigneur,
de ce que Dieu vous a choisis dès le commencement pour le salut, dans la sainteté de l ‘Esprit
et la foi de la vérité, 14 à quoi il vous a appelés par notre évangile, pour que vous obteniez la
gloire de notre Seigneur Jésus Christ. 15
Ainsi donc, frères, demeurez
fermes, et retenez les enseignements que vous avez appris soit par parole, soit par notre lettre.
- Li sove-nou (Efes 1:13)
13 En lui vous aussi, après avoir entendu la parole de la vérité, l'Evangile de votre salut, en lui
vous avez cru et vous avez été scellés du Saint–Esprit qui avait été promis,
- Li separe-nou, li mete-nou apa (2 Cor 6:14-18)
14 Ne vous mettez pas avec les infidèles sous un joug étranger. Car quel rapport y a–t–il entre
la justice et l'iniquité ? ou qu'y a–t–il de commun entre la lumière et les ténèbres ? 15
Quel
accord y a–t–il entre Christ et Bélial ? ou quelle part a le fidèle avec l'infidèle ?16
Quel rapport y a–t–il entre le temple de Dieu et les idoles ? Car nous sommes le temple du
Dieu vivant, comme Dieu l'a dit : J'habiterai et je marcherai au milieu d'eux ; je serai leur Dieu,
et ils seront mon peuple.
17 C'est pourquoi, Sortez du milieu d'eux, Et séparez–vous, dit le Seigneur ; Ne touchez pas à
ce qui est impur, Et je vous accueillerai. 18
Je serai pour vous un père, Et vous serez pour
5 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
moi des fils et des filles, Dit le Seigneur tout–puissant.
- Li ba-nou lafwa (Rom 10:17)
17 Ainsi la foi vient de ce qu’on entend, et ce qu’on entend vient de la parole de Christ.
- Li ba-nou la vi (Det 8:2,3)
2 Souviens–toi de tout le chemin que l'Eternel, ton Dieu, t'a fait faire pendant ces quarante
années dans le désert, afin de t'humilier et de t'éprouver, pour savoir quelles étaient les
dispositions de ton cœur et si tu garderais ou non ses commandements. 3 Il t’a humilié, il t’a
fait souffrir de la faim, et il t’a nourri de la manne, que tu ne connaissais pas et que n’avaient
pas connue tes pères, afin de t’apprendre que l’homme ne vit pas de pain seulement, mais que
l’homme vit de tout ce qui sort de la bouche de l’Eternel.
- Li prezève-nou ((Sòm 40:11)
11 Toi, Eternel ! ne retiens pas loin de moi tes compassions ; que ta bonté et ta vérité me
gardent continuellement.(Darby)
- Li ba-nou lespwa (Sòm 119:74)
74 Ceux qui te craignent me verront, et se réjouiront ; car je me suis attendu à ta parole.
(Darby)
- Li ogmante gras ak lapè (2Pyè 1:2)
6 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
2 que la grâce et la paix vous soient multipliées par la connaissance de Dieu et de Jésus notre
Seigneur
- Li pwodwi lanmou Bondye nan kè-nou (1Jan 2:5,6)
5 Mais celui qui garde sa parole, l’amour de Dieu est véritablement parfait en lui : par là nous
savons que nous sommes en lui. 6 Celui qui dit qu'il demeure en lui doit marcher aussi
comme il a marché lui–même.
- Li kreye krent pou Bondye lakay nou (Dete 4:10)
10 Souviens–toi du jour où tu te présentas devant l'Eternel, ton Dieu, à Horeb, lorsque l'Eternel
me dit : Assemble auprès de moi le peuple ! Je veux leur faire entendre mes paroles, afin
qu'ils apprennent à me craindre tout le temps qu'ils vivront sur la terre ; et afin qu'ils les
enseignent à leurs enfants.
- Li pirifye-nou (Sòm 119:9 – Jan 15:3)
9 Comment le jeune homme rendra–t–il pur son sentier ? En se dirigeant d'après ta parole.
- Li sanktifye-nou (Jan 17:17)
17 Sanctifie–les par ta vérité : ta parole est la vérité.
- Li geri-nou (Sòm 107:20)
7 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
17 Les insensés, par leur conduite coupable Et par leurs iniquités, s’étaient rendus malheureux.
18 Leur âme avait en horreur toute nourriture, Et ils touchaient aux portes de la mort. 19 Dans
leur détresse, ils crièrent à l’Eternel, Et il les délivra de leurs angoisses ;20
Il envoya sa parole et les guérit, Il les fit échapper de la fosse.
- Li anpeche-nou viv nan peche (Sòm 119:11)
11 Je serre ta parole dans mon cœur, Afin de ne pas pécher contre toi.
- Li pije-nou (Prov 16:6)
6 Par la bonté et par la vérité, propitiation est faite pour l’iniquité, et par la crainte de l’Eternel
on se détourne du mal.(Darby)
- Li ba-nou fòs (Sòm 119:28)
28 Mon âme pleure de chagrin : Relève–moi selon ta parole !
- Li ba-nou entelijans (Sòm 119:169)
169 Que mon cri parvienne devant toi, ô Eternel ! Rends–moi intelligent, selon ta parole !
- Li gide lavi-nou (Sòm 119:105)
8 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
105 Ta parole est une lampe à mon pied, et une lumière sur mon sentier.
- Li devlope lespri-nou (1Pyè 2:2)
1 Rejetant donc toute malice et toute ruse, la dissimulation, l’envie, et toute médisance,
2 désirez, comme des enfants nouveau–nés, le lait spirituel et pur, afin que par lui vous
croissiez pour le salut, 3 si vous avez goûté que le Seigneur est bon.
- Li ban-nou anvi glorifye Bondye e adore Li (Sòm 138:2)
2 Je me prosternerai vers le temple de ta sainteté, et je célébrerai ton nom à cause de ta bonté
et à cause de ta vérité ; car tu as exalté ta parole au–dessus de tout ton nom.
- Li pwodwi lapyete lakay nou (2Pyè 1:3)
3 Comme sa divine puissance nous a donné tout ce qui contribue à la vie et à la piété, au
moyen de la connaissance de celui qui nous a appelés par sa propre gloire et par sa vertu,
Mezanmi, Pawòl Bondye se sèl sa nou bezwen pou nou viv. Li gen plis valè pase lò, pase lajan,
li pi enpòtan pase tousa ki ekziste sou latè.
Nan Jozye 1:8, Bondye di Jozye: Se pou Pawòl liv lalwa-a toujou nan bouch ou. Se pou w’ap
kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou-w ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w’a
mennen bak ou byen. Tout zafè-w va mache byen.
9 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
Sòm 119 se sòm ki pi long nan tout sòm yo. Se li menm tou ki montre nou valè Pawòl Bondye.
Nou pw’al koute yon pòsyon nan Sòm 119 vèsè 59 a 105. Dispoze kè nou pou nou koute.
------------------
Jan nou wè-a, Pawòl Bondye se te tout lavi moun ki te ekri Sòm sa-a. Se konsa tou sa dwe ye
pou oumenm avè mwen si nou an Kris vre.
Bondye ki Limenm se laverite, e ki lè Li pale se laverite sèlman ki soti nan bouch Li, Se Li
menm menm ki enspire Labib yon fason pou Li revele tèt Li ba yon limanite ki pèdi. Li revele-l
pa Jezi Kri Pitit Gason-Li, kòm kreyatè e kòm Senyè, kòm Sovè e kòm Jij. Labib se temwanyaj
Bondye bay sou tèt pa Li.
Yon moun paka renmen Bondye si-l pa renmen Pawòl Bondye. Obeyisans gen plis valè devan
Bondye ke sakrifis. Pou ke nou koube tèt nou devan Bondye, pou nou adore-l jan sa dwa, se
Pawòl Li, se verite ki nan Liv Sen-an pou nou chache lajounen kou lannwit.
10 / 11
Etude 1 - OSS Ministry
Se pou rezon sa a ki fè m ap mande nou pou nou rete ak Pawòl Bondye nan kè nou!
Amen
11 / 11

Documents pareils