1 Chan 1 : Lave lanmen Lave men se jès k ap sove

Transcription

1 Chan 1 : Lave lanmen Lave men se jès k ap sove
Chan 1 : Lave lanmen
Lave men se jès k ap sove lavi nou
Si n pa lave men nou pap viv byen
Ti moun, jèn moun, gran moun
Lave men nou si n vle viv an sante
An nou lave men nou, si n vle viv an sante
Si n pa lave men n nou pap viv byen
Timoun, jèn moun, gran moun an nou
Chan 2: Nou dwe ale nan latrin
Timoun yo dwe ale nan latrin
Granmoun yo dwe ale nan latrin
Fòk nou kenbe latrin nou pwòp
Pou timoun yo ka genyen mwens vè
ILatrin mezanmi s on nesesite
Poupou atè se pa lizaj
Ann bati l!
IILave men zanmi s on nesesite
Lè m fi n poupou fò m lave men m
Ann lave l!
1
Chan 3 : Latrin pou sante n
INou pa t jan m kwè si sa te ka rive
Nou men m detwi sante n
Pakonn règ ijyèn ak lese ale
Tout sa ki koz lanmò
An nou viv pi byen
Nan bon lapwòpte
Konsa n ka genyen
Yon bon lasante
IILave men ak konstwi latrin se bon marasa
Se sa ki ka bay lavi paw
Yon bon rezilta
Chan 4: Lavez les mains
ISi tu veux être propre
Il faut bien se laver
Se laver les mains, la bouche et les oreilles
Se laver les mains le front, le nez
IISi tu veux être propre
Il faut bien se laver
Se laver les mains, après défécation
Se laver les mains avant repas
2
Chan 5 : Piti piti na rive
Piti piti na rive
Si nou vanse na rive (2 fwa)
IPiti piti na rive
Ankouraje na rive
IIPiti piti na rive
Bati latrin na rive
IIIPiti piti na rive
Lave lanmen na rive
IVPiti piti na rive
…… …… na rive
Chan 6. Fè jès la !
Fè jès la, fè jès la, bare wout mikwòb
Fè jès la, fè jès la, kaba maladi
Fè jès la, fè jès la, rete an sante
Fè jès la, fè jès la, se sa ki fyète w
IFè jès la, fè jès la, konstwi latrin pa w
Fè jès la, fè jès la, se sa ki fyète w
IIFè jès la, fè jès la, netwaye latrin
Fè jès la, fè jès la, al lave lanmen w
IIIFè jès la, fè jès la, trete dlo wap bwè
Fè jès la, fè jès la, se kle lasante
IV.
Fè jès la, fè jès la, ……………..
Fè jès la, fè jès la, ……
3
Chan 7- Rasanble fòs pou konstwi latrin !
IFòs
Rasanble fòs
Rasanble fòs pou nou konstwi latrin (2 fwa)
IIFòs
Rasanble fòs
Rasanble fòs pou n kouri dè dyare (2fwa)
Chan 8 : Lave man nou lè nou soti nan twalèt
ILave men nou lè nou sot nan twalèt
Lave men nou anvan nou al manje
Lave men nou se sa ijyèn mande
II1- Vide dlo sou men
2- Savonnen men yo
3- Netwaye zong yo
4-Tout moun dwe fè sa ( 2 fwa)
III1- Lekòl nou byen pwòp
2- Latrin nou byen pwòp
3- Lakay nou byen pwòp
4- Lakou nou byen pwòp
5- Se nou tout ki pwòp ( 2 fwa)
4
Chan 9 : Pou nou ka rete an sante
Si nou vle rete an sante
Pa fè bezwen nenpòt kote
Se pou nou ale nan latrin
Lave men nou avèk savon
Lè maladi di nou onè
Li pap jwenn nou pou dil respè
A a a la bèl bagay lè nap viv nan pwoprete (Bis)
Version française :
Pour rester en santé
Si nous voulons rester en santé
Il ne faut pas faire ses besoins n’importe où
Nous devons aller dans une latrine
Laver nos mains avec du savon !
Lorsque la maladie nous dit « Honneur »
Elle ne nous trouvera pas pour nous dire « Respect »
Ah ! Ah ! Ah ! C’est magnifique lorsque l’on vit dans la propreté !(Bis)
5
Chant 11 : Si ou le rete en sante
Si ou le rete en sante , lave men w
Si ou le rete en sante , lave men w
Si ou le rete en sante , si ou le rete en sante ,
Si ou le rete en sante , lave men w
Youpi, ya ya ya , youpi ye,
youpi ya ya ya, youpi ye,
Youpi ya ya ya poupi ye ye ye
Youpi ya ya ya , youpi ye
Si ou gen la jwa nan kè w, frape men w
Si ou gen la jwa nan kè w, frape men w
Si ou gen la jwa nan kè w, Si ou gen la jwa nan kè w
Si ou gen la jwa nan kè w, frape men w
Version en français :
Si tu veux rester en santé
Si tu veux rester en santé, lave tes mains
Si tu veux rester en santé, lave tes mains
Si tu veux rester en santé, si tu veux rester en santé, si tu veux rester en santé, laves tes
mains
Youpi, ya ya ya , youpi yé,
youpi ya ya ya, youpi yé,
Youpi ya ya ya poupi yé yé yé
Youpi ya ya ya , youpi yé
Si tu as la joie au coeur, frappe dans tes mains
Si tu as la joie au coeur, frappe dans tes mains
Si tu as la joie au coeur, si tu as la joie au coeur, si tu as la joie au coeur, frappe dans tes
mains
6
Chan 12 : Menaj an mwen malad
Menaj an mwen malad, djouk djouk
I gen vent fè mal
Fom Mennen l lopital
Li pa manje anko
Bondye seny, ki sa pou mwen fè bay
Mezanmi, m pa ka depanse anko
Madanm en mwen malad
Ki sa pou mwen fè
Pa bay sèvis anko, doudou
Eske ou te poupou ate, doudou
Eske ou te lave men w , doudou
Bondye senyè ki sa ki rann li konsa
Mesye m mele, mwen pa gen lajan
Yè swa mwen fè yon rèv
Pou menaj mwen djeri
Fok nou gen yon latrin
Fok nou lave men nou
Avan nou manje
Apre nou poupou
Mèsi bondye, se sa’m pral fè bay
Mezanmi, se sa ki solisyon
Depi mwen leve
Mwen fouye yon twou
Mwen mete yon dal
Mwen mete yon ti kay
Mwen mete yon pot
Men doudou! Son latrine mwen konstwi
Men doudou la sante m pote baw
Depi jou sa a
Madanm en mwen an fom
Li bay bon manje
Li bay on sèvis
Ti moun an mwen an fom
Men doudou
Lanmou m vin pote baw
Men doudou
7
Lanmou m vin pote baw - Depi nou gen latrin
A la nou bèl
La vi nou bèl
Nou gen lasante
Nou gen lajwa
Nou gen lanmou
Mezanmi
Mezanmi
Mezanmi
Version en français :
Ma femme est malade
Ma compagne est malade
Elle a mal au ventre
Je dois l’amener à l’hôpital
Elle ne s’alimente plus
Bon Dieu, qu’est ce que je peux faire pour elle
Mes amis, je ne pas me permettre de dépenser encore !
Ma femme est malade
Que dois-je faire
Elle ne peut plus me rendre aucun service ! doudou !
Avais-tu déféqué par terre ? doudou !
Avais-tu lavé tes mains ? doudou !
Bon Dieu, qu’est ce qu’y a pu la rendre ainsi
Messieurs, je suis embêté, je n’ai même pas d’argent !
Hier soir, j’ai fait un rêve
Pour que ma femme guérisse
Il nous faut avoir une latrine
Il nous faut se laver les mains
Avant de manger
Après avoir déféqué
Merci Bon Dieu, c’est ce que je vais faire pour elle
Mes amis, c’est ça une excellente solution
8
Dès que je me suis réveillé
J’ai creusé un trou
J’ai mis une dalle
J’ai mis une petite cabine
J’ai mis une porte
Voici ma chérie, c’est une latrine que j’ai construite
Voici ma chérie, c’est la santé que je t’apporte
Depuis ce jour
Ma femme est en pleine forme
Elle prépare de bons repas
Elle me donne de la satisfaction
Mes enfants sont en santé
Voici doudou, c’est l’amour que je t’apporte
Voici doudou, c’est l’amour que je t’apporte
Depuis que nous avons une latrine
Maintenant nous sommes biens
Nous avons la santé
Nous avons la joie
Nous avons l’amour
Mes amis
Mes amis
Mes amis
9

Documents pareils